Etid ka 1: Modènizasyon Sistèm Jesyon Pèsonèl pou Polis Nasyonal Ayiti

Kontèks ak Defi
Polis Nasyonal Ayiti (PNH) te itilize yon sistèm jesyon pèsonèl ki baze sou yon achitekti devlope ak Paradox, yon lojisyèl ki vin demode apre plis pase 20 ane sèvis. Sistèm sa a pa t ka evolye ankò, sa ki te lakòz gwo inefikasite nan jesyon done administratif ak polisye yo. Fichye Excel ki pa te santralize yo te itilize tou pou ranpli vid yo, sa ki te agrave pwoblèm done yo ki te epapiye.
Objektif Pwojè a
- Modènize achitekti sistèm jesyon an pandan nap respekte estanda modèn pou devlopman yo.
- Asire migrasyon konplè san pèdi done istorik yo ak aktyèl yo nan yon nouvo sistèm.
- Entègre done ki sòti nan plizyè sous, espesyalman baz done ki egziste deja ak fichye Excel, san re-antre manyèl.
- Former les utilisateurs selon leurs rôles et privilèges d'accès.
- Asire évolutivité ak dirabilite nouvo sistèm nan.
Apwòch
- Analiz bezwen yo : Odit pwofondi sou sistèm ki egziste a ak pwosesis biznis yo.
- Konsepsyon solisyon an : Devlopman yon nouvo achitekti ki adapte ak bezwen prezan ak fiti enstitisyon an.
- Migrasyon done yo : Devlopman script pèsonalize pou ekstrè, transfòme ak chaje done yo nan nouvo sistèm nan, pandan y ap asire entegrite yo.
- Validasyon ak deplwaman : Tès rijid pou verifye konfòmite done yo ki te migre ak fòmasyon pèsonèl la sou itilizasyon nouvo sistèm nan.
Rezilta
- Yon sistèm modèn, fonksyonèl ak évolutif, ki pèmèt yon jesyon santralize ak efikas pou done pèsonèl yo (Ki enkli tablodbò, alèt ak notifikasyon sou travay ak swivi ki pou fèt, elatriye).
- Yon migrasyon ki reyisi a 100% tout done yo san re-antre yo manyèlman.
- Itilizatè ki fòme selon wòl yo (Sezi done, Konsiltasyon, Validasyon, Sipèvizyon, Direksyon, elatriye)
- Yon amelyorasyon enpòtan nan fyabilite ak vitès aksè a enfòmasyon yo.

Etid ka 2: Devlopman Yon Sistèm Administrasyon Lekòl : EvalNote

Kontèks ak Defi
Plizyè lekòl an Ayiti t ap fè fas ak defi nan jesyon pwosesis entèn yo, tankou enskripsyon elèv yo, jesyon nòt yo, kominikasyon ak paran yo ak swiv pèfòmans akademik yo. Pwosesis sa yo, souvan manyèl, manke efikasite e yo pa t pèmèt yon entèraksyon sou entènèt ak pati ki enplike yo.
Objektif Pwojè a
- Konsepsyon yon sistèm entegre ki pèmèt lekòl yo numérize ak optimize pwosesis entèn yo.
- Ofri sèvis sou entènèt tankou aksè a bilten lekòl ak relevé nòt pou paran ak elèv yo.
- Pwopoze yon platfòm ki ka devlope, fasil pou itilize ak sekirize.
Apwòch
- Etid sou bezwen: Rankont ak responsab lekòl yo pou konprann pwosesis kle yo pou numérize.
- Devlopman solisyon an : Kreye yon sistèm konplè, EvalNote, ki kapab jere enskripsyon yo, nòt yo, ekonomat la, rapò Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) ak lòt travay administratif.
- Fonksyonalite sou entènèt : Mete sou pye yon pòtay ki aksesib pou paran ak elèv pou konsilte enfòmasyon akademik.
- Deplwaman ak akonpayman : Fòmasyon ekip yo ak disponiblite yon sipò teknik kontinyèl.
Rezilta
- Plis pase 100 lekòl ki ap itilize EvalNote, ap transfòme pwosesis entèn yo ak ofri yon pi bon eksperyans pou elèv ak paran.
- Yon adopsyon rapid gras a yon entèfas zanmitay ak fonksyonalite ki adapte ak bezwen itilizatè yo.
- Gwo benefis nan efikasite nan jesyon administratif ak yon rediksyon nan erè imen.
- Yon platfòm ibrid (lokal ak entènèt) ki aksesib pa: administrasyon, paran, elèv(evalnote.com)


Remak: De (2) pwojè transfòmasyon dijital sa yo te fèt an kolaborasyon ak patnè nou an CREATECH.